Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Yon ti Souri]

Ba’m yon ti souri

Li m’ap tan pou’m vini

Se li k’ap fè’m pale, depale

Tout koze kè’m pou ou ap sere

 

Bay yon ti souri

S’oun ti moso lavi

K’efaase nostalji, touye melankoli

Brase nannan’m cheri

 

Deten’sou mwen antre nan mwen pran mwen

Mennen’m byen lwen, lwen sa’k pa konn renmen

 

Wo wo wo wo wo (2 fwa)

 

Ba’m yon ti souri

Se li m’ap tann pou’m jwi

Jwi lavi san’m pa peze kou grenn pitimi

Yo bliye sou glasi

 

Ba’m yon ti souri

Fè’m bliye tout’ abi

Pou’m pa sonje mouri, fè’m pran gou nan lavi

Ba’m ti jwèt mwen cheri

 

Chofe mote’m, gonfle vwèl batiman’m

Jouke’m nan kè, desan’mwen tou Dousman