Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Kite’m ri]

M pa konn ri

Lè m ri se pou m maske kriye m

M pa konn ri

Si m ri, ou mèt mande m sa k rive m

 

Pa kwè m ri 

Lè w wè dan m, ou pa wè andan m

Pa kwè m ri

Sa je m wè reponn mwen nan nanm

 

Nanm mwen chire…

 

Poutan m ka ri sa wi la

God la bless america

A de pa la, 

Ti nasyon yo byen blese

 

M pa konn ri

Twòp fizi, nan pwen tèt ansanm

M pa ka ri

Lò m wè san, mwen sonje manman m

 

M pa ka ri

Twòp chay sou do m, twòp kou nan do m

M pa ka ri

Twòp cha, twòp bòt, twòp mak sou po m

Twòp, twòp pou mwen !