Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Moun sa yo]

Yo di’m gen yon peyi

Colon pat dekouvri

Li m’ap chèche

Yo di’m gen yon kote

Moun sa y opa ka rive

Se la m’prale

 

M’pa konn pa ki mwayen

Ki bato, nan ki tren

Men mwen konnen

Kote’k pa gen kiki

Rasis ni koloni

M’a viv pi byen

 

Kote moun sa yo pase, se lòbèy, se dega

Kote moun sa yo pile, se lapenn, sa traka

Se lame, se fatra

 

Yo di’m gen’oun sitadèl

Ki rete natirèl 

San fè bèbèl

Pa gen laboratwa

K’ap vinn ba moun SIDA

Drandran, nada

 

Yo di’m gen yon peyi

Kote tout’ pèp ini 

Pou viv lavi

Yo pa bezwen kiki 

Rasis, ni koloni

Bato Navy