Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Twoubadou]

Yon malere, yon twoubadou

k’ap pwomennen, simen lanmou

Ak on bandyo, on pè tanbou

on zanmi’l ap soufle banbou.

 

Anvan li jou, li sou Pòtay

on mouchwa ble, yon chapo pay

Li lave je’l ak lawouze

se li’k fòse solèy leve.

 

Yon gous tabak, on gout kafe

ak on chante, li derape

Pèsonn pa konn kote’l rete

li tankou’w la mann ki tonbe

Kou’w tande solèy pral kouche

se nan’w zetwal li al kache

Li file, l’volatilize

l’al konpoz’on’w pi bèl chante.

 

Yon ti kadè, li Kwabosal

chak flanm solèy ki sot nan vwa’l

Gonfle ponyèt sa k’ap pot chay

fè reflechi sa’k pap travay.

 

Se vwa’l ou tande k’ap monte

nan kè tout pòv bò Katredal

Se pa’l ou santi k’ap pase

kou’w bann a pye nan kannaval.

 

Yon gous tabak, on gout kafe

ak on chante, li derape

Pèsonn pa konn kote’l rete

li tankou’w la mann ki tonbe

Kou’w tande solèy pral kouche

se nan’w zetwal li al kache

Li file, l’volatilize

l’al konpoz’on’w pi bèl chante.

 

Bololo, twa ti bololo, bololololo, twa ti bololo, lolo. (4 fwa)

Credit

Paroles:

Jean Winer PASCAL

Musique:

Beethova Obas