Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Leve]

Si’w pran de kou, ou di’m Tòv mwen kanpe

Kijan demen timoun ou va ye ?

Se nan pran kou pou’w aprann pare

Aprann tonbe pou’w ka rekanpe

 

Lavi pat janm fasil

Fò’w travay, fok ou swe

Pou’w ka jwenn moso manje

 

Chèche byenèt ak diyite

Pi douvan lè yo kwense’w

W’a jwenn bouch pou’w pale

 

Pa vann tèt ou pou plat manje

 

Byenèt ak diyite Pat janm dwe separe

Viv byen se sa n’ap 

San’n pa pèze kou malere

San’n pa fè twa fè nèf

Mache ak tèt drese

 

Pa vann tèt nou pou plat manje

 

Leve frè’m an’n ale

Wout’ la long gan glise

Fòk djakout ou byen chaje

Si’m tonbe w’aide’m leve

Sonje byen, fok nou sonje

Si n’ansanm n’a rive

 

Leve, leve frè’m an’n ale

 

Si’m tonbe, w’a leve’m

Si’w tonbe, m’a ide’w leve