Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Si...]

Si jodi m’pran bato

pou’m neye kou’w krapo

Nan mitan vag lanmè

pou’m kabre la mizè.


Si ti moun pa grandi

si pa menm ret peyi

Si tout bagay kwochi

menm si’w pa janm sezi.

 

Si tèt mònn mwen kale

si’m aprann pou’m bliye

Si’m manje nan fatra

si’m pran ranyon pou dra.

 

Si ti nèg lonje kwi

douvan biwo Loni

Si la vi’n san zavni

si Ayïti mouri.

 

Oh, Oh, Oh, Oh, Oh, Oh

Wo, ou wo, ou wo

 

Se paske’w detripe’l

ou pete blad tete’l

Se paske’w eksplwate’l

ou kreve de grenn je’l.


Ou s’on’w papa lanfè

on ma drapo Lisifè

Alòs de syèk an syèk

je vèt vinn pi akrèk.


Oh, Oh, Oh, Oh, Oh, Oh

Wo, ou wo, ou wo