Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Ase babye]

Nou refize pran men’n foure’l nan pat

Poutan nou di se pou li n’ap travay

Nou refize pèp la revandike

Poutan nou di se pou li n’ap travay

 

Nou pa, Nou pa, Nou pa, Nou pa

 

Ase babye Di’w pral chanje

W’ap tann pouvwa

Pou’w fè’n lalwa

W’pa wè peyi a demanbre

 

Fè moun sote Sa w’ap regle ?

Pale franse

Se gwo koze

Epi peyi a anfonse, anvlope

 

Nou refize pran me’n foure’l nan pat

Poutan men gwo blòk bè’n se pen n’ap tann

 

Plas senpyè

Ti tanyen

Gonaïves

Jeremie

Se pa de rigòl san’k koule

 

Lepèp kanpe 

Pou’l pran lari, 

Rele anmwe

Kont sa’l pa vle

Se pa de kout’ zam ki tire

 

Nou refize pèp la revandike 

Poutan nou di se pou li n’ap travay

 

Ase babye

Ase rele

Ase plere

An nou lite

An nou lite pou nou vanse