Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Nou pa moun]

Tankou’oun fèy palmis ki seche

K’ap tann yon van soufle

Pou li sispann pandye

 

Tankou’oun bwa pouri dlo bwote

Ki kote’l pwal kore ?

Konsa m’santi lavi a prale

 

Nou fèb, nou frajil, n’ekspoze

Pinga,pinga danje

Talò konsa n’gate

 

Misil kokayin, HIV

Yon legliz y’ap chèche

De zanmore k’te bezwen marye

 

Yon dòmi vòlè Louloune

Li pap konn sa’k pase Alex avek Joujou

 

Yon dòmi vòlè tout’ moun

Kilès k’ap janm konnen sa’k fèt lavèy nan riyèl odin !

 

Si’n te ka pran lanmò nan fent

Sènen’l nan gran kalfou

Fè’l sispann ba’n panzou

 

Si’n te ka chasé tout’ bòs pent’

Wet la hèn met lanmou

Ala fèt nou ta fè nan lakou !

 

Yon dòmi vòlè Louloune

Se lavi l’t’ap chèche

Sa ka rive tout’ moun

 

Yon dòmi vòlè tout’ moun

Si nou viv, nou pa moun

 

Nou pa moun, 

Nou pa moun, 

Nou pa moun…