Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Yè Swa]

Ye Swa M’pa Dòmi
M’tande’oun Bal Pati
Malveyan Yo Pran Lari

 

Yon Rafal, Yon Kri
Gen Yon Fanm Ki Di
Pitit Fi’m Nan Mezanmi

 

Malfini Fin Anvayi Nou
Ekzòd La Kole Nan Deng Nou
Pa Bon Depòte, Bon Yo Ale

 

Al’oun Bèl Tifi
Pot Tout Sa Ki Ni
Pou Yo Pa Fè Zak Sou Li

 

Yo Pa Tann Minwi
Li Mèt Gwo Midi
Peguy-ville, Menm Sou Gran-ri

 

Pitit Fi’m Nan Pa Nan Zen Nou
Men Kòf Lajan, Men Bwat Bijou
Pran Sa’n Vle Men Pinga’n Manyen Li

 

Yè Swa M’pa Dòmi
M’viv Yon Trajedi
Yon Man Man Ak Pitit Li

 

Peyi’m Nan Kouvri
Ak Labou Sou Li
Fòk Gen’oun Dlo’k Pou Lave Li

 

Dòmi Ak Zam Anba Tèt Ou
Lavi’a San Lè Pèdi Gou
Tout Sa’n Vle Men Tanpri Ba’l Lavi