Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Kalòt]

W ap mache diw se fè, se fe k koupe fè
Tout bagay fò k se ou w prèt pou bay moun kou
Fòk ou sispann pran daso, ou pa nan dlo sodo
Pa gen teke san piye, ti papa al opa

 

Men fò w sispann pran daso, ou pa nan dlo sodo
Pa gen teke san piye, rale kò w la, al opa

 

Pou oun ti lobo, w anchimè, w awoyo
Tout moun rele al oun mouche anraje
Ou pran zoklo, ou met tout moun sou do 
Tout moun rele al oun mouche malelve

 

Men kalòt, (3 fwa)
Mouche lijanboje
Men kalòt(3 fwa)
Mouche sa anraje

 

Si se vre regina, ou debòde
Mouche a ap toupizi w nan kay la ou pa janm pale
Gen komisè tribunal, gen lapolis
Kou mouche sa fache nan baz la chimè anraje 

 

Al’oun mouche : malelve anraje

 

Eske sa m tande a se verite
Kou mouche sa fache nan baz la tout moun antrave
Madanm minis adjudan otorite
Tanpri pa fè mouche a fache talè m a tande