Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Manje Bliye]

M’ouvri radyo’m pou’m konn sa k’ap pase
Lib tribun yon peyizan k’ap pale
«  wi mesye se vre m’pa yon save
S’oun peyizan mwen ye men m’ka di sa m’panse

 

M’pat al lekòl, m’pa konn pale franse
Men pitit mwen pap pase sa m’andire
Se sa’k fè m’pa janm pè brave danje
Lekòl nan bouk la mesye se sa m’vinn mande » 


Dechoukay pran’m nan lari sèt janvye
Matisan m’rankontre’oun bann dechouke
Manchèt, baton, galèt, pèp la pap jwe
Fèt atansyon monchè gad jan ti pyè pase

 

Moun kouvri’m « machinn sa fò’n fouye’l »
M’soti tèt mwen pou’m mande sa’k pase
Gen’oun moun ki di « mesye pa gen danje, 
Se  beethova lage’l nou mèt kite’l ale »
 

An’n sispann manje manje bliye
An’n sispann pran kou nan men sanzave
Bay kou bliye men pote mak sonje
Sonje sa’k fèt jodi rann demen san danje

 

Y’a sispann fè’n pran dakoun pou swa
Fè’n bay lapure san’n pa manje pwa
Sonje ekri sa  nan papye listwa