Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Anh Han!]

M’ap mache tout nan nwit

Tankou’oun kochon sent antwan

San m’pa konn kote m’pwale

San’m pa konn kisa m’pwal fè
San’m pa gen yon enterè
Men m’tounen yon jenn demon
Di’m kilès ki mete’m nan sa ?


Kou’w wè yo pran pouvwa
Yo konprann se yo k sèl lwa
Y’arete moun san manda
Contre la sûreté de l’état
Sa te toujou fèt konsa
Yo kontinye fè l konsa


Si ou pati laba
Pinga’w tounen delala
Pinga’w vann peyi kapwa’a
Navaz, mòl sen nikola
Di’m kilès ki mete’n nan sa
Di’m kilès ki mete’w nan sa


Ti do………ba’m oun ti way souple
No way fannmi’m poko manje