Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Kè'm Poze]

Yon samba ke’m rankontre sudio thoray
Gade’m nan je pou’l di’m beethova:
‘’ou s’ oun neg nago k’trase kongo’’
Nan moman’ an se sa’l wè

 

Des années lumyè m’pase
M’s’oun ekwasyon k’ap devlope

 

Kè’m poze
M’konn ki bò m’pwale
Anlè m’ap gade
Atè’a m’ap leve
Jou pa’m nan rive

 

Wi samba depi lalfa nou ekziste
Jouk lomega lombrik nou mare
Sou tout fòm nan limanite
Tè, van, dlo, dife

 

Kilanswa patisyon w’ap jwe
Sou do’w òkès la repoze

 

Wi samba gen lòt mach pou’n eskalade
Lòt galaksi pou’n al vizite
Sonje fè sa’w te vinn regle
Sou wout linivè

 

Gen’oun eskal yo rele latè
Atansyon pou’w pa ret atè