Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Limyè]

Kilès Ki Ka Kritike’m!
Di’m Kilès Ki Bon Pase’m !
Mwen Konn Moun Ki Gen Dwa Sa
Li Pa Rete Isi Ba

 

Pa Koupe Zèb Anba Pye’m
Anyen Pa Ka Anpeche’m
Anpeche’m Fè Kòm Sa Dwa
Misyon Pa’m Nan Sou Tè Sa


Nou Chak Gen Sa Pou Nou Fè
Louvri Je’n Pou Nou Wè Limyè…


Pa Chèche Sa’w Vini Fè
Gade Nan Kè W Wa Va Wè
Talan’w Genyen Pou’w Sèvi
Misyon Ke’w Vinn Akonpli

 

Don Pa’m Se Li K Ap Gide M
Se Touche Kè Nan Chante’m
Pote Lapè Ak La Jwa
Jouk Tan Nou Kriye Viktwa

 

Men Nou Tout Gen Menm Wòl La
Fè Lanmou Klere Je’n Pou’n Ka Jwen Limyè