Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Kòn Lanbi]

Mwen nan dòmi,
M’wè’m nan’oun peyi
Kote rayisman pouse
Divizyon sèl kanpe

Mwen wè foumi
M’wè malfini
Mayoka move cheni
Manje tout sa’k plante


Dife pran nan kann pou anyen
Ayïsien goumen pou anyen
Peyi y’ap tann pitit li pran lavi’l anmen

Pye lamitye sispann ponmen
Move zèb leve nan tout kwen
N’ap pran chimen lanmò si lanmou pa donnen

           
M’anvi leve
Rèv sa twò lou pou’m pote
Anndan’m ap dechire

M’anvi’n leve
Pran kòn lanbi’n pou’n soufle
Rasanbleman m’mande


Yon kavalye 
Byen abiye
Di’m “tounen kote w’te ye”
Wa di yo sa pou mwen

Dènye mesaj
Ke m’ap voye
« ayiti tè libète
Nan fratènite »


Li di mwen anyen pap mache
Toutotan pa gen tètkole
Se lunite ki fè peyi sa ekziste

Li di mwen fò’n sispann goumen
F’oun leve pou nou wè pi lwen
Peyi y’ap tann pitit li pran lavi’l anmen


Lè w’a leve
Met drapo blan tout kote
Se lapè mwen mande