Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Sa Nou Fè!]

Sa nou fè n’ap peye…
Ki kalite lè n’ap respire…
Ban’m rele manman
Jouk tan’oun moun reponn mwen
Lafumen ap monte nan tèt mwen

 

Bagay la gate, dechè ap monte
‘’synthèse aromatisée’’ …kisa n’ap manje…
Mezanmi ! 

 

Y ap chèche’oun kote ki soudevlope
Yo san responsablite, nou tout’ pwal peye
Mezanmi !

 

Sa nou fè manman n’ap peye…
Sa y’ap fè pote ba’n manje !!!

 

Couche d’ozone  nan krake
Pol yo rechofe n’ap inonde
Co2 manman
Pollution  anraje
Hormone nan tout’ sa n’ap manje

 

Kisa y’ap kreye… kisa y’ap klone…
Ogm kansè bare’w, se manje’m, m’ap manje’w
Mezanmi !

 

Kisa y’ap chèche, ki kote’n pwale…
La science  dwe ede’n vanse, pa ede’n krake
Mezanmi !