Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Sa'a Cho]

Mwen reve nan lanmou’m lari fè kwen

Mwen reve’w k’ap danse sou mwen

Ki kote w ye chéri ?

Fè’m yon ti signe de vie

Eske’w sonje sèman nou te fè avan ou te pâti ?

 

M’wè nom’w ekri nan dènye kwen lari

Sou boulva, tout’ mi sou granri

Se pòtre’w pou piyay

Y’ap gade’w zen y’ap bay

Chak pòtre’w, kè s’oun rabòday lanmou k’ap drive nan bouch zanmi

 

M’ap circulé dans les rues de Paris

Sou tou’t panno m’wè’w k’ap souri

Tounen jwenn mwen cheri

Kite’m jwenn ou tanpri

M’a siwote lavi, m’a va jwi lanmou jouk mwen mouri

 

Tounen chéri remete’m nan lavi

Pou’m reve’w, m’pa bezwen dòmi

M’santi tèt mwen’ap pâti

Nan savann m’pral kouri

Y’a tende’m k’ap vini ak yon chan lanmou ki pa janmè fini

 

Pouki ou pa vle’m O !

Lanmou sa’a gen lè cho !

Se pase n’ap pase,

Nou pa vinn pou’n rete.