Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Jwèt Mab]

Mwen san lè ba’w legen

m’pap tann ou fè koken

Jwèt la pat pou anyen

ou mèt rele’m kreten.

Lekad depi opa

boul pik kè’m toujou mò

Lò’w renmen se traka

santiman bay remò.

 

Kadav lanmou’m boule

wonn nan ak kè’m mele

Lanmou pa konn parrye

se bay san kalkile.

Malgre melankoli

lò’w bay ou pa pèdi

Menm si boul pik fele

jwèt la rekòmanse.

 

Si’w vle m’ap ba’w legen

tanpri pa fè koken

Chak moun ap pran’w chimen

pèsonn pap janm genyen

Jwèt mab, bouchon kola

piti ap fè dega

Gwo nèg ap bay zoklo

renmen se chay sou do.

 

Kadav lanmou’m boule

wonn nan ak kè’m mele

Lanmou pa konn parrye

se bay san kalkile.

 

Malgre melankoli

lò’w bay ou pa pèdi

Menm si boul pik fele

jwèt la rekòmanse.