Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - La Pli]

Se yon gwo lapli k’ap tonbe

Tonbe lave tout san’k koule

Li pa gen ni ras ni nasyon

Li fonn san’k koule san rezon

 

Pa gen rezon pou san koule

Menm lé’n bliye, se menm nou ye

Se pa koulè po l’ap chèche

Lapli ap lave san’k koule

 

Se yon gwo lapli k’ap tonbe

Tonbe lave tout san’k koule

Pa chèche konn pou ki rezon

Pa gen rezon pou san koule

 

Se yon gwo lapli k’ap tonbe

Li pran bwote tout san’k koule

M’kwanda, Will son of British

Jn Pierre, Makila, Hitjewish

 

Se yon gwo lapli k’ap tonbe

Nan tout kwen sou labitasyon

Nan tout kafou malediksyon

Li fon’koridò madichon

 

Lapli a koule san rete

Dlo anpil, tout’san yo mele

Dlo lapli, dlo nan je sanble

Lapli a koule san lave