Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Planèt la]

Ya chabada, weya.

 

Planèt la s’on’w boutèy

on sèl boul je solèy

Tout dlo fè wonn la tè

sou fòs lapezantè.

 

Cha m’de m’ba.

 

Lò’w fè’m mal “Hiroshima”

m’santi’l jouk Fontamara

Pike vant mwen nan “Brooklyn”

san’m koule jouk Lasalinn.

Lò boul la ap vire

nenpòt kote ou ye

Pa frape pye’w twò fò

pou’w pa twouble rèv mò.

 

Cha m’be m’ba.

 

Dlo’k gaspiye a “Paris”

fè’m pi swaf jouk sou Granri

Manje’k jete nan lanmè

fè kòd trip mwen wè lanfè.

 

Chabada, weya.

 

Planèt la s’on’w kalbas

frajil pas’on’w vè glas

Koupe bwa mònn “Saint-Roc”

seche sous jouk “Maroc.”

 

 

Pete bonm “Nagasaki”

detri vi’m jouk mònn Dennri

Lage viris “Zimbabwe”

li pran ray sou do Nòde.

 

Chabada, weya.

 

Solo…

 

Planèt la kou’w mikwo

chak bri’w fè f’on’w eko

Se nou tout ki antò

si’l grenpe wout lanmò.

 

Cha m’de m’ba.

 

Planèt la s’on’w gwo kado

on kout kreyon’k sòt byen wo

Di’m ki lòt kote’n pwale?

lò’n pwazonnen tout kote.

 

Ya, Chabada, weya.