Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Ki Bagay]

Se pa pwoblèm lajan peyi’m nan genyen (3 fwa)

S’oun pwoblèm de san konsyans k’ap touye’n

BonDye O, di yon mo ! Ala kote’w tande pawòl O (2 fwa)

 

Gade auto, gade oto : Ki bagay sa pitit’ mwen !

Kamyon, bus, auto, Montero : Ki bagay sa pitit’ mwen !

Nanpwen wout men chaje oto : Ki bagay sa pitit’ mwen !

Gen lanmè, fè transport en bateau : Ki bagay sa pitit’ mwen !

 

Mwen rele bòz : y’a manje’w wi !

M’a rele bòrz, borz : Y’a devore’w wi

 

Gade auto, gade oto ! Ki bagay sa pitit’ mwen !

Nanpwen wout’ men chaje auto : Ki bagay sa pitit’ mwen !

Kay an beton nan bidonville : Ki bagay sa pitit’ mwen !

Kay an chanmòt nan bidonville : Ki bagay sa pitit’ mwen