Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Abolisyon]

Di’m ki bagay ou pile sou chimen sa ?

Toudenkou m’wè w’ap brete, gen’oun bagay dwòl la

Pa di’m nan pye ou pike !

Sou do’m ou ye la.

 

Se pa konsa m’te janbe, yo voye’m

Kòb bay yo siyen papye, yo bliye’m 

Se pa mande m’vinn mande

Se san’m m’ap vann la

 

Timoun ki fèt nan batey

Pa gen nasyonalite

Nommen’l jan’w vle, sou latè li’ye, se moun li ye

Sa k’ap pase la

 

Lidè kisa w’ap regle nan bagay sa ?

Tout pèp merite respe sou planèt la

Gen bagay pou’w wè ak je

Men ki bagay sa !

 

Pa di « men » ni « pa konnen »

Nou tout lakòz sa

William, jak e latriye

Fò’n al gade sa

Men di’oun bagay non lamitye

Gen’oun men’k pou frape la.