Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - So Why]

Chéri lè’w pa la, m’prèt pou delala

Delà, delala m’pat pran’w konsa

W’Soti bonè, w’antre ta

Kay Marie-France w’al fè sans

Ak Marie-Louise ou sot freez

Gen lontan w’ap ba’m blòf kay

Men ba’m lantouray avan’w bâti kay

Gad jan ti figi’w paypay

M’anti w’sot fè’oun bagay

Apre w’a di’m se vwazinay

K’ap mache vinn ba’m tripotay

 

Lè yo ba’w tripotay

Nou fè deblozay

De Blow, deblozay mennen batay

Nou kase tèt, kraze kay

Gad manje, panntyè, chèz pay, 

kanary, krush kwi detay tout bagay

Nou pòtre de kòk batay

K’ap kraze kay vwazinay

So why ?

Kay vwazinay pa lakay

M’pral bati’oun bèl kay

Lamontay, lwen tout vwazinay

K’ap mache vinn ba’w tripotay