Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Ala Remò]

De pye nou pran nan’oun grenn soulye

Si n’bouje, n’tonbe

N’atè déjà, n’pa ka tonbe

Rale pou’n rale

Rale pou’n ale ki kote ?

Rèv la’p kontinye

Kounya’a li lè pou’n reveye

Gad kote nou ye

 

Ala remò o wayo ! 2 fwa

Ala remò, ala remò, ala remò

Lari a pa poubèl, pa jeté fatra ladan’l

Peyi a pa poubèl, pa jeté fatra ladan’l

 

Fréro fè yon kriz malkadi

Li te près minwi

Zenglendo, fal, otominwi

Se sèl mèt lari

Rele zanmi pou Helody

Pyès moun pap sòti

Rive bò zòn dezè edmi

Men Frero mouri

 

Mwatye vi’n pase nan blokus

Nan rete tann bus

Lekòl ak la sante gratis

Tout bagay prive

Peye chè san’w pa jwen sévis

Vòl òganize

Vil la gonfle, l’prèt pou pete

Desantralize

 

Ala remò !