Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Pa Prese]

Gen’oun son m’pa tande

Tout bagay tèt anba

Gen’oun nòt ki chape

Ou di mwens ki pa la

 

M’ap jwe sou’oun akò ki dyez pou sòl, pou la l’bemolize

Lavi se sa, ou wè’l yon jan nan chak pozisyon ou kanpe

 

Pa prese,

F’oun paze !

Repoze !

Chwazi byen sa’w vle ye

Ki kote w vle ale,

Poze pyon pou’w rive

 

Anyen m’pa tende

N’ap rejwe mizik la

Mesye n’pap rete

Fò’n jwen sa’n manke a

 

Vingt fois, cent fois sur le métier, n’ap finn pa jwen sa n’ap chèche

Tankou’oun ti landeng fò’n fouye jouk nou rive kote’n pwale

 

Pa prese

Sou chimen pa kanpe pou rèv ou pa vante

Sonje sa’w vle, poze pyon pou’w rive

Sonje sa’w vle, demen w’a va rive