Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Manman Yle]

Gen lè tout jan m’vire Washington pi rèd nan fifty one mwen

Bill mwen sou Dole, tout voum mwen sou do’l moun sa yo nan dengwann mwen

 

Kay manman yle m’prale

Mwen bezwen’oun moun pou’m pale

Ki kote ou ye Roger ?

Tanpri, pran men’m mennen’m ale

 

Kay Manman Yle

 

S’oun Lina pou Ti Paris, yon Jeanne pou Brassens, Alice pou mwen

Tout vi’l se rann sévis, tonèl li la pou tout sa’k gan bezwen

Lò m’rive anba tonèl  m’ap jwenn yon moun pou’m pale

Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje

 

Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa)

Lè m’rive anba tonèl la m’a jwen yon moun pou’m pale

Lè’m rive anba tonèl la m ‘a santi mwen soulaje

 

Kay Manman Yle

 

Yon ti van fre, lanmè a tou pre, mwen bliye tout devenn mwen

Bal kennedy, diri miami, pépé k’ap bare wout mwen

Lò m’rive anba tonèl  m’ap jwenn yon moun pou’m pale

Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje

 

Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa)

Lè m’rive anba tonèl la Manman Yle va chante

Lè’m rive anba tonèl la m ‘a tande’l k’ap fredone

 

Se sèl kote touman’m, tout lapenn mwen nwaye

M a rele Roger, Tanpri, pran men’m mennen’m ale