Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - La vi yon flè]

La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil

lanmò pou li pa difisil

Solèy twò cho, yon gwo gout dlo

epi’l kagou, l’kage sou do.

Wo, wo, wo, wo. 

 

Yon flè, yon flè konn bouke viv

lò l’al fleri bò yon gildiv

Si’l bwè kleren, si’l tou grangou

si’l fè lanmou pandan’l tou sou.

 

Pandan’l tou sou

Wo.

 

Yon flè, yon flè konn pote kwi’l

jouk sou fontyè anba gwo fil

Li vann tout vi’l, pou’l janbe dlo

lò pa gen vi nan Sibawo.

Wo, wo, wo, lwop, po, lo, po.

 

La vi yon flè konn yon lekzil

lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l

Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo

nan twou sobwe bò Chicago.

Bò Chicago.

Wo, wo, wo, wo, wo.

 

La vi yon flè konn yon lekzil

lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l

Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo

nan twou sobwe bò Chicago.

 

Lò pa gen vi nan Sibawo

lò l’al pouse jouk lòt bò dlo

Jouk sou fontyè anba gwo fil

l’al pote kwi’l anba lavil

la vi yon flè, s’on’w vi’k frajil.

 

Pawòl: Jean Winer PASCAL

Mizik: Beethova Obas

Album: “Pa prese” 1996