Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Koda]

Lè m’bay koudeta, m’pran pouvwa’m , nèg fò’w wè sa :

Rakèt, lajan, tout sa m’vle…

Ak fanmi’m m’al jwi lavi’m laba

Ki mele’m si AYïti fini

M’pa panse peyï

 

Mon jeneral

Kraze dada’m

 

Ale ale

 

Si w’santi w’anvi vòlè, pa rete

Vòlè lajan leta, pa rete

Fò’w pa pè travay si’w vle manje

Lajan leta pa lajan’w li ye tande

 

S’oun pòs serieu, pòs ki byen peye

Domaj zanmi kifè domaje

Pa met lavi lòt moun andanje

S’oun sévis ou rann lasosyete tande

 

Konesans ou pou sévi peyi’w

Konpetans ou pou util peyi’w

Lè konpetan di yo pa mele

Enkonpetan se sèl kòk chante tande

Ale

 

Si’w santi ke w’anvi enève

W’enève pou lapli k’ap tonbe

Se lapli’k pou fè jaden’w pouse

Fò’w pa mòde dwèt k’ap ba’w manje

Ale