Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Yo]

Lè chak moun ap rale yon bout

Ayïti nan ladewout

Lemizè’l pa ka bout

Tout peyi a ka pran bon fè

Pèsonn pa ka refè

Yo pran chimen lanmè

 

Yo kilbite nan fon bato

Gen sa’k mouri nan dlo

Vye van ka drive yo

Pas ayisien, se pa maren

Kannòt yo ka tounen

Pou yo pa gen chimen

 

Yon ti jes pou yo

Yon tandrès pou yo

Yon favè pou yo

Yon lonè pou yo

 

Yon zepòl pou yo

Yon pawòl pou yo

Yon respè pou yo

Libète pou yo

 

Lè chak moun ape plen djakout

Ayiti nan ladewout

Lamizè’l pap janm bout

Tout peyi a ape griji

Pitit li pran kouri

Pou y’ale Miami

 

Yo kilbite nan fon bato

Yo fè fos kouch nan dlo

Movetan bare yo

Meriken pa vle ayisien

Yo fè yo retounen

Paske yo pa kiben

 

Lè chak moun ap rale yon bout

Ayiti nan ladewout

Lamizè’l pa ka bout

Lè pitit li pran kouri vit

Pou y’ale nan konbit

Ka yo ka vinn kritik

 

Dominiken pran ayisien

Travay kann pou anyen

Travay tankou de chien

Se pwòp frè yo ki trayi yo

Chante sa se pou yo 

Pou nou ka sonje yo

Credit

Paroles:

Patrick Chamoiseau

Musique:

Fred Désir

Lead Chants:

Joceline Bérouard & Beethova Obas

(La prise de son de la voix de Joceline Bérouard a été faite au Dream Studio par Philippe Joseph)

Piano:

Dominique Bérose

Basse:

Jean-Marc Albicy

Batterie:

José Zébina

Congas:

François Sergo Décius

Guitare & Chant:

Beethova Obas

Chœurs:

Tony Chasseur, Marie-Céline Chroné,

Claudine Pennont