Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Wandaly]

Anba pye mapou a wandali se leman (2 fwa)

Menm lè’m nan dòmi, lè m’ap reve

Se Wandali m’ap love, tèt mwen chaje

 

Bò bougenvilye a li di’m sizè tapan

Sou gwo wòch galèt la m’ap tann li tou dousman

Depi van soufle kap mwen monte

Se mètrès grandou’m nan ki pral rive

 

Wandaly fè solèy kouche

Menm Lalin panike

Wandaly klere 

 

Lòt jou nan rivyè a nou t’ap tire lobe

Wandali parèt menm lè a jwèt la gate

Pye wandali bèl an verite

Se nan plas rivyè a m’santi’m ta ye

 

Anba pye mapou a Wandali se leman

Grandou’m pran nan van, se nou de’k pran nan leman

Nou rive nan syèl pi pre bon Dye

Kot van lanmou sèl ka pote’n ale

Credit

Paroles et musique:

Beethova Obas

Programmation et arrangements:

Fabrice Rouzier

Batterie:

José Zébina

Congas:

Azor Mapou

Guitares & Chant:

Beethova Obas

Sax Soprano:

Irving Acao

Chœurs:

Tony Chasseur, Marie-Céline Chroné,

Claudine Pennont