Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Futur]

yon ti moun ki nan lari

fasil demen sòti 

yon danje, yon ka pèdi

 

ti moun yo :    

se piti’n piti men nou pa pitimi

demen lè’n grandi se nou k’ap ranplase’w papi

ou byen wè’n piti, pa abize’n tanpri

 

pa gen peyi san yo, prepare yo

se kreyòl mwen pale

 

yon pi gran met zam nan men yo

yon lòt met fumen nan nen yo

men ti baka pran lari 

 

ti moun yo :      

se pa sa n’anvi, men nou dwe obeyi

Wete’n nan lari se pa kote timoun grandi

Levasyon tchovi, se levasyon peyi

 

pa gen peyi san yo, prepare yo 

se kreyòl mwen pale y’a rele

 

ti moun yo :      

nanou ninone (2 fwa)

nanou nino 

sa’k lijanboje ki pa vle chanje

y’a jwen sa yo vle

             

se kreyòl yo pale

 

jodi timoun yo nan men nou

demen gran moun nou nan men yo

an nou prepare yo

  

pa gen peyi san yo, prepare yo 

se kreyòl mwen pale y’a rele

Credit

PAROLES ET MUSIQUE:

Beethova Obas

GUITARE & CHANT: 

Beethova Obas

Fender Rhodes & Programmation:

Thierry Vaton

BATTERIE:

José Zébina 

Congas:

François Sergo Décius

« Timoun yo »

Fedjy St Fleur, Najeekah Obas,

Lenerson Pyrrhus, Jean Rober Samedy, Hans Laborde

(Sous la bienveillante direction d’Erna Letemps)