Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Gòl la]

Ayisyen nou mele

Yon klas politik degrengòch k’ap mache tèt anba

Yo bliye deviz la

Divize se mo dòd la

Nou pran nan pa konprann, nan pikan kwenna

Fòk nou sispann bwè pwa 

 

Nou mele !

Si’n pa veye degrengòch n’a mache tèt anba

An’n edike pèp la

Montre’l sa’k rele vòt la

Lè w’ap chwazi, fò’w pa fè’l konsa konsa

Pou’w pa pran nan mera

 

A 1% w’di ke’w lidè pèp la

Padon, m’pa konprann kalkul matematik la

Si’m manti n’mèt al mande « Fanm yo la »

Mesye a 1%  nou pa la

 

Lajenès ap rele

Ouvè zòrèy nou pou’n tande son’k nan lari a

Nou maspinen lespwa’l (Nou lolo’l pou’n jwenn vwa’l) 

Li gaye, li pèdi vwa’l 

Li lè mesye pou’n vinn fè « mea culpa »

Sinon, plas nou pa la.

 

A si’m te rele Beethova Obas

Mwen ta bat chalbari dèyè tout avadra

Si’m t’ap fè politik mwen ta di sa

« Mesye bliye chèz la, al nan sena’a »  

Ou byen al fè sinema

 

A sa’k fè’m mal la, m’pa ka di’n li la

Pi devan m’pwal konn si sa’m tande a se sa

Men an pasan kite mwen di nou sa :

Se sou teren an pou’n make gòl la

Bare gòl la,

Make gòl la,

Ansanm n’ap make gòl la

Credit

Paroles et musique: Beethova Obas

Piano : Dominique Bérose

Basse : Jean-Marc Albicy

Batterie: José Zébina

Congas: Wesner St Louis

Cuivres : Philippe Slominski (trompette), Alan Hoist (sax ténor, Baryton) 

Mickael Joussein (Trombone)

Guitares électriques & Chant : Beethova Obas