Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Rara Bois Verna (Tipapa)]

Pawòl la pale, yo mele

Yo konn kouri men yo pa konn kache

Babylòn pa la pou dire 

Nan pa konprann malveyan yo tonbe

Yo kraze, yo kraze, yo kraze

Kraze pa ka kanpe pitit bonDye

Se mwen’k di’w sa

 

Lavwa:  

Woy woy woy o Ti papa

Pa rigole.       

O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa 

Ki Kote’w tande, adjye? 

O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa 

Pou di’w tande?

O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa 

Leve sou tande’w.

 

Gade lougawou k’ap vole

Timoun chèche Manman’n pou’n al kache adjye!

Mechan yo move, yo move

Y’a tizonnen’w jouk tan souf ou koupe

Leve kanpe jou a rive

Konnen lanbi pou miray yo kraze

An’n ale la!

 

Wo, wo, wo, wo, wo…

Anbisyon, grangou fè lòm viv kou zannimo.

 

Louvri je’w gad madigra k’ap fè’w pè a

Frape pye’w fè li : « A Ha !!! »

 

Woy, woy! Lavi chè, moun y´ap rele tipapa pa tande

Moun yo rele, yo pa koute, 

Talè pwal gen’oun kouri tipapa tande, aprè w’a vinn kriye la.

Woy, woy! Lekòl gratis, kantin, la sante, sekirite!

Se manti, yo pap bati peyi.

Mwen di’w se manti si pa gen lekòl pou tchovi, 

Ledukasyon se sèl chimen lavni tande o.

Woy, woy! Pwal gen´oun kouri, tipapa ki kote w´pwal kache?

Credit

Paroles et musique:

Beethova Obas

Piano:

Dominique Bérose

Basse:

Jean-Marc Albicy

Batterie:

José Zébina

Bugle:

Philippe Slominski

Congas:

Azor Mapou

Percussions: Fabrice Rouzier

Guitare acoustique & Chant: Beethova Obas

Chœurs:

Tony Chasseur, Marie-Céline Chroné, Claudine Pennont

Nickychrist, Tami, Fritza