Logo de Beethova Obas Bon Bagay

[Beethova Obas - Bravo manman]

Chak fwa’w vinn wè’m, s’oun evenman w’anonse’m

Si’m pa sou menm, ou di’m sou ki twotwa pou’m mache

Demèt pa demèt, dlo lapli toujou jwen wout pou’l pase

Yo pa ka kontre’m, wout mwen déjà trase

 

Manman, papa se poto mitan lafanmi

Lè’w pèdi youn, se lòt la’k pran chay la sou do li

Li rele, l’reponn, li pa wè pèsonn, li te toujou di: 

“Ledukasyon se bousòl lavi”. 

 

Bravo Manman

Pou tout sa’w fè, 

Bravo Manman

 

Manman sa’k ta di’n sa’k pwal pase pi devan

Sou wout la, n’ap kontinye vanse

 

Dòmi pran Manno frè’m, pandan’l sou volan

Li tande vwa Manman’l ki di’l mete sentu’l

Li pa fè tèt du, fwa sa l’obeyi, san grate tèt li

Rive pi devan, frè’m nan fè aksidan

 

M’ap pwofite salue Man Lyse ak Sito,

Musyeu pap dòmi si’l pa di Manman’l yon ti mo

M’pa konn sa’m ta bay pou’m ta jwe pou Manman’m jounen jodi

Si’w gen Manman, bat bravo pou li

Credit

PAROLES ET MUSIQUE:

Beethova Obas

GUITARE & CHANT:

Beethova Obas

CORDES:

Orchestre Philharmonique de Wroclaw (Pologne)

BATTERIE:

Jean-Philippe Fanfant

PIANO:

Dominique Fillon

CONTREBASSE:

Thierry Fanfant