[Beethova Obas - Pale yo]
Chaje kamera tout kote 
Nan telefòn, nan tout kwen lari a 
Pa gen anyen k’ap ret kache 
Fò’w grenpe mòn pou’w jwenn paradi a
Genyen pa anpeche manke 
De men de pye n’antre nan lavi a 
Panyen plen bay sa’k vid chaje 
De men de pye n’ap kite lavi a
Men sa’k konnen yo bèbè, 
Sa ki mouton yo fè bè  
Men nou nan tou sa? 
Sa’k konnen?
Bay nouvèl la gaye’l nan lari a 
Bay nouvèl al gaye’l’l nan bidonvil la 
Bay nouvèl la gaye’l nan riyèl la 
Bay nouvèl la gaye’l sou entènèt la
Sa’k konnen yo bèbè, 
Sa ki mouton yo fe bè 
Men nou nan tou sa? 
Sa’k konnen? 
Pale yo mechan yo, pale yo (2 fwa) 
Maladi pran tout’ nan lavi pa gen bout' 
Fòk nou regle sa 
W pway konnen!!!
 
    